menu-iconlogo
huatong
huatong
troubleboy-hitmaker-veye-priye-cover-image

Veye Priye

TROUBLEBOY HITMAKERhuatong
Hochgeladen von missmorgan18
Veye Priye

Veye Priye

Viv s'on bèl mizik, men se mouri ki refren an

Ala bèl mizik sa t'ap bèl

Si'n te ka chante'l san refren an

Viv lavi g'on vitès, se lè'n mouri nou teke fren an

Ivre lè n'ap byen bwè

Demen lè nou leve nou rayi kleren

Se la pwofesi, frèm pako sezi

Satan gen disip plis pase jezi

Chak jou nou legliz men'n pa repanti

Kris la pral vini kwè'm se pa manti

Fò'n veye

Veye priye

Gen lontan depi n'ap kriye

Veye priye

Li lè li tan pou nou konsole

Veye priye

Pa panse bliye sa nou ye

Veye priye

Pa bliye nou se pasaje

Satan se pitit Bondje menm jan avè'm avè'w

Fè atansyon pa bliye ni byen

Ni mal son sel kote yo ye

Sonje pran prekosyon

Atè a pyeje

Mond lan vire tèt anba oh oh

Pastè tounnen samba oh oh

Tout jèn fanm lage nan fè wanga mezanmi

N'ap kouri men'n pa konn kache

N'ap souri men se anba cache-nez

Kounye a amitye s'on bagay achte

Se interè kounye a nou m'wè kou a

Fò'n veye

Veye priye

Gen lontan depi n'ap kriye

Veye priye

Li lè li tan pou nou konsole

Veye priye

Pa panse bliye sa nou ye

Veye priye

Pa bliye nou se pasaje

Das könnte dir gefallen

Mehr anzeigenlogo

Ähnliche Playlisten

Mehr anzeigenlogo