menu-iconlogo
huatong
huatong
roody-roodboy-kenbel-la-cover-image

Kenbe'l La

Roody Roodboyhuatong
ryan100520huatong
Lyrics
Recordings
Sa konn rive ke'w gen yon moun nan men'w

Men'w pa konn enpòtans li

Ou rive pèdi'l nan fè tenten

E se lè sa w'ap rann ou kont de tout valè'l genyen

Ou manke mwen

Ou manke mwen a mò

Ou manke mwen

Ou manke mwen a mò

Lè'w jwenn yon moun ki fè kè'w bat, pa kite'l ale

Kenbe'l la, kenbe'l la, kenbe'l la

Lè'w jwenn yon moun ki konn renmen, pa kite'l ale

Kenbe'l la, kenbe'l la, kenbe'l la

Yon jou maten ou deside ou pap rete, ou vle ale

Sa k'ap pase'w la, sa'k rive'w la

Ou fe'm konprann ke mwen blese'w

Ke mwen tronpe'w, Ou pa vle rete

Ou pa vle kanpe la, sa'k rive'w la

Oh non cheri mwen pa dakò'w kite'm

San m'pa wè sou kiyes m'pral apiye'm

Ou konnen byen jan ou gentan gate'm

Ak defo'm yo kiyes ki pral asepte'm

Oh non cheri mwen pa dakò'w kite'm

San m'pa wè sou kiyes m'pral apiye'm

Ou konnen byen jan ou gentan gate'm

Ak defo'm yo kiyes ki pral asepte'm

Lè'w jwenn yon moun ki fè kè'w bat, pa kite'l ale

Kenbe'l la, kenbe'l la, kenbe'l la

Lè'w jwenn yon moun ki konn renmen, Pa kite'l ale

Kenbe'l la, kenbe'l la, kenbe'l la

Se sèl ou'k nan kè mwen, ou'k nan vi mwen

Depi ou pa la m'pa santi'm byen

Tanpri tounen nan vi mwen

Paske se ou ki kle bonè mwen

Ou se premye fanm ke'm pa anvi tronpe

Pou mwen ou se yon zanj nan pye'w m'anvi ranpe

M'sonje bouch ou nan bouch mwen ki te konn tranble

Ak ti vwa'w nan zorey anm, menm jan'w te konn chante

Ou fè ti kè mwen bat fò (bat fò)

M'anvi kole kò'm ak kò'w (ak kò'w)

Fò'w padone'm pou sa'm fèw

Tounen nan vi mwen

Ou fè ti kè mwen bat fò (bat fò)

M'anvi kole kò'm ak kò'w (ak kò'w)

Fò'w padone'm pou sa'm fèw

Tounen nan vi mwen

Mwen di'w pawòl ki pike konpiman

M'pa merite konpliman

Se le'w pa la mwen rann mwen kont ke'w se yon konpleman

Ou manke'm, ou manke'm (a mò)

Si'w kite'm, si'w kite'm (map gen remò)

Mwen di'w pawòl ki pike konpiman

M'pa merite konpliman

Se le'w pa la mwen rann mwen kont ke'w se yon konpleman

Ou manke'm, ou manke'm (a mò)

Si'w kite'm, si'w kite'm (map gen remò)

Lè'w jwenn yon moun ki fè kè'w bat, pa kite'l ale

Kenbe'l la, kenbe'l la, kenbe'l la

Lè'w jwenn yon moun ki konn renmen, Pa kite'l ale

Kenbe'l la, kenbe'l la, kenbe'l la

More From Roody Roodboy

See alllogo