menu-iconlogo
huatong
huatong
baky-doub-blan-cover-image

Doub Blan

Bakyhuatong
owen_star3huatong
Letras
Grabaciones
Koum komanse gen inosank pral Tonbe kriz

Aprè masak sam pral fin fè la fòm tou antre legliz

Papa, priye pou mwen, mpap kite rap banm asire'n

Men lè'm peche, fòm ka Avwe, konsekans yo fòm asime'l

Beef sa se pou mwen, m pa vle lòt nèg Antre ladanl

Si'w atake'm map atake'w m kwè nou konn tanperaman'm

Yo t dim pa reponn men'w konn Baky pa viv sou lod

Donc Leve je'n men map vini m pa bezwen team map vin poukòm

Pou dat wanvi'm etenn, pou dat wap tire pwent

Mal nan peyanm se pa pou rap m konnen'w pral e di pwen

W pral wè kijanw pral pèdi plas Poutèt ogèy

Jis yon grenn bar nan Koudeta w te gentan prè pou fè lobèy

Menm kwè ou pral regrèt se hip hop mwen pral anseye'w

Ou wè si staff ou te renmen se pa sa yo tap konseyew

Yo tap diw fèmen Baky sa son rèv ki pap janm reyèl

Banm fè'w sonje si'w vin atis se paske'w te bat yon rebelle

M tap joure si'm te konn rap sou Emosyon

Se paske'm t vle baw bourad sak fèm tal rap sou Inosan

kounya'w vin nan limyè, di Mèsi God la'l te kreye'w

Men pa bliye te gon epòk ki ti balèn ki tap klere'w

Lèm tap ede'w se paske'm t kwè nan talanw

Malgre'm konnen'm ta pral regrèt mt kiton kochon pran salon

Kan sa bon wa fèl poukò'w

Lè'w nan mizè wa rele moun

Siw gad sou jan lèzòm engra Kwè'm sou chimenw pap Ede youn

Rap ap rete rap, chante ap ret chante

Sak renmen bay ap toujou bay, ou menm wap toujou nan mande

M t vle kite rap paske'm wè'm pat gen tan ase

E si'm te pwodwi plis men'm devan Naz m tap gentan pase

M soti lwen Se sak fè karyè'm paka kout

Sa se rap Grr, sa se rap G, se pa rap ala cute

E san dout Ou pap anyen Si'n ta retire kanaval

E Pran Roody pou gwo rapè e kom si'w retiye Katafal

Pou tout flannè kap pase tray

Prensip mantre Poun bay

Si'w pat dakò pran Koudeta, map lage dwat nan Dechoukay

Veritem se dife, so m ka konprann si'm te brilew

Si'w pilon chen fok li jape padon Roody si'm te pile'w

Ou fè erè si'w panse'm ta vin plezante

Map met yon dread nan tèt mwen m konnen'w pap janm ka fè'm Mechanste

M sot Nan Sud Nèg Okay Paka fè defèt

Si'w te konn tande PIC ou tap konnen'm ta pral fè'w regrèt

M pap chache hit sou ou

M t just ap Trip sou ou

Depi kilè'w te tout rapè sa poun ta fon team jis pou ou

M ta pral antrel paske madanm ou se moun pa'm

Men'm wèw fache'w gentan soti muzik donc sa e nan Bouda'w

M pat pran woulib Se gras à talanm si'm atis

Se sel rapè k fè moun kriye sou stage ak yon track Sikatris

Sa jis wow, duel sa poukòm map simontel

Met men anlè pou rap kreyol, si tout bon vre nap sipòte'l

Map di Rap ap rete rap, chante ap ret chante

Sak renmen bay ap toujou bay ou menm wap toujou nan mande

Map repetel

Ti pa ti pa lap ka mache

M konnenw kontan'w monte avion, pati'w pati'w pa vwayaje

Ou pap janm jwenn respè, si lè w w'antre'w pa di onè

M pa bzwon kenn èd ti milat,

paske mwen m gon team Milyonè (Kay Ti Joe)

Sorry m touche'w m pat janm vle vin nan kras

E An pasan map fè'n konnen ke Album pam ap vin mars

Pandan wap fè rap tchitchi

Wap lage track suicide

Balèn bouji "G Shytt" mwen map fè rap an Skurt skurt

M pap janm pranw pou rapè

M garantiw

Jou'w wèm ta bese tèt devan'w gade map gade janm pral fou'w atè

M lage sa poutanm pa care si'l Hit ou pa

Mwen m deside poum di tou haut tout sa'w fè vi'w ap di tou ba

Vye frèm, m konnen'w touche, men'w ta sipoze pran kè

M pa deside reponn Pjay map kite'l repoze an pè

Baky: __Eeee Magic.

Magic touch:__Yh man

Baky:___ ekwè zonbi sa te nan bitasyonm deja sa lap fè deyò hein

Magic touch:___ li do sove

Baky:___ eben fèl antre non

Mache

Más De Baky

Ver todologo