menu-iconlogo
logo

M Konnen M Renmen W

logo
Paroles
Oh-ouh-ouh-ouh

Oh-ouh-ouh-ouh

D-singer

(I'm Moed Click) baby, yeah!

M konnen m renmen w

Je mwen fèmen pou m ouvri kè m

Fè tout fason pou w toujou prè m

Kè mwen sansib, m pa vle pèdi w

Pran plezi lè m ap di w bèl

M toujou obeyi w, menm si m rebèl

Se sa k fè, se sa k fè m konnen m renmnen w

M konn anvi pati Iwen avè w

Evite tout sa ki ka fè w

Bliye m, menm si m konnen w renmen m

M konn anvi pati lwen avè w

Evite tout sa ki ka fè w

Bliye m, menm si m konnen w renmen m

M konn anvi pati lwen avè w (yow)

Evite tout sa ki ka fè w (Mechanste jis nan kriz tan m, neggo)

Bliye m, menm si m konnen w renmen m

Yow! M griyen dan sou tout moun ki te di m p ap sis

Ki te di m pa ka renmen pyès fanm, so kite m di n ap lis mokè

Cheri, jou w ale, w ap kite sikatris

Nenpòt kote ou voye m, m pral a pye, m ap bliye si m atis

Rèv pa m se wè w kote lè m ap detire

M gen tan konnen pou lanmou w, san, anpil pye pral vle tire

Ou pran vi m, ou pentire l

Jou m pran dwèt ou, m mezire l

Depi w di m wi lè m ap ba w bag la, kwè m, ou p ap janm retire l (p-pa-pa)

Padone m, rete m rete m wè menm

Kole nan men w tankou leman, m lage kè m pou mennen m

Makonnen avè m, di m ou renmen m

Lè yo mande w kiyès ki mari w, ou mèt di mwen menm

Yow! Kite m di w jantiman, m resi g on santiman

M Sûr de li, e ou fè m wè mwen soti nan tè yon lòt kontinan

E atò m ap pouse cheve lè yo t ap tann pou m vin chòv

M bezwen lòt moun pou n egri, koz ansyen yo mouri pòv

M konn anvi pati lwen avè w

Evite tout sa ki ka fè w

Bliye m, menm si m konnen w renmen m

M panse tatouye non ou dou po m

M dekontwole chak lè w di ou sou bo m

Pye m pèdi tè, m ap monte k on drone

M panse tatouye non ou dou po m

M dekontwole chak lè w di ou sou bo m

Pye m pèdi tè, m ap monte k on drone

Maestro Moed! Se

Magic sound

M panse tatouye non ou dou po m

M dekontwole chak lè w di ou sou bo m

Pye m pèdi tè, m ap monte k on drone

M panse tatouye non ou dou po m

M dekontwole chak lè w di ou sou bo m

Pye m pèdi tè, m ap monte k on drone

M konn, baby, pati lwen avè w

Evite tout sa ki ka fè w

Bliye m, menm si m konnen w renmen m

M Konnen M Renmen W par D-Singer/MechansT - Paroles et Couvertures