menu-iconlogo
logo

Chay

logo
Paroles
Chay chay chay, On chay lanmou sou kè m, On chay mizè sou kè m 2x

Ou te ka sèl moun ki sou kè m

Men ou fè twòp twòp erè

Ou te ka sèl moun ki fè bonè m

Men ou fè, mezanmi ou fè

Ou gen bon kè, men pye ou twò lejè

Ou la wap fè sekrè

Aprè sa ou gade m nan je ou di cheri – ou souri

Epi w banm manti

An kreyòl sa vle di ou son ka

M pa ta renmen mache bò kot bagay sa

M pa ka pèmèt mwen Mennen l lakay la

Di mwen kisa pou m ta fè la

Malgre malgre m konnen m pral soufri

Malgre malgre tout jouman m ta di

Malgre malgre si, malgre sa

Mwen pa ka viv san ou

Ou fè mwen twòp move bagay

Ou ta di m high, nou kou de kòk ki tonbe batay

M ap pote on chay lanmou sou kè m

On chay mizè sou kè m

Genlè mwen tolere twòp bagay

Genlè mwen bay on pil pakèt piyay

M ap pote on chay lanmou sou kè m

M ap pote chay mizè sou kè m

Ou te ka sèl moun m anvi rele baby

Sèl moun sou ki mwen vle konte

Sèl moun m anvi reve

Ou te ka sèl moun, ou te ka

Ou te ka gen mwen, love mwen, afeksyon, atansyon mwen

Plis tout sa ke mwen genyen

Men si w ta vle sispann plenyen wa di m ou renmen mwen

Malgre malgre m konnen m pral soufri

Malgre malgre tout jouman m ta di

Malgre malgre si, malgre sa

Mwen pa ka viv san ou

Ou fè mwen twòp move bagay

Ou ta di m high, nou kou de kòk ki tonbe batay

M ap pote on chay lanmou sou kè m

On chay mizè sou kè m

Genlè mwen tolere twòp bagay

Genlè mwen bay on pil pakèt piyay

M ap pote on chay lanmou sou kè m

M ap pote chay mizè sou kè m

Mwen mwen mwen mwen fou,

M ape pote on chay chay pwoblèm sou kè m

Mwen pa byen

Yeah, hm hm

Djaz ou, djaz ou

Enposib

Kòman fè mwen rayi l, e mwen renmen l an menm tan

An menm tan, an menm tan

Cheri ou pa sou sa – cheri w pa janm sou sa

Ou pa sou sa – kite ti kè m sèch, li sèch, li sèch

Epi w pa janm sou sa

Ou pa sou sa – m ta mouye ak yon ti lanmou

Cheri ou pa janm sou sa

Ou pa sou sa – kite ti kè m sèch, li sèch, li sèch

Epi ou pa janm sou sa

Enposib

An kreyòl sa vle di ou son ka

M pa ta renmen mache bo kot bagay sa

M pa ka pèmèt mwen Mennen l lakay la

Di mwen kisa poum ta fe la

Chay par Enposib - Paroles et Couvertures