menu-iconlogo
huatong
huatong
luck-mervil-piwouli-cover-image

Piwouli

Luck Mervilhuatong
nenasolita26huatong
Paroles
Enregistrements
Vandredi swa, lekòl lage

Fòk m al lan mache, al chèche kokoye

Si mwen pa jewnn, manman m ape joure m

Woy Jesika, fòk male tanpri lage m

Manman m vle fè on boutèy kremas

E ou konnen s on granmoun ki pès

Li vle m brase dlo kokoye a

Jouk li dous, jouk li pwès

Doudou m lan ou konnen m a vle kite

Ou san m pa fè ou dous cheri

Gade lan pòch kanson Lòki

Se la wa jwenn yon piwouli

Jesika kenbe piwouli a, li rale piwouli a

Li devlope piwouli a, li gade piwouli a

Li manyen piwouli a, li karese piwouli a

Li kontan piwouli a, li souse piwouli a

Sa l fè? Li souse piwouli a, woy piwouli a

Madmwazèl lan, souse piwouli a, woy piwouli a

Ti cheri a, souse piwouli a, woy piwouli a

Boubout lan, souse piwouli a

Ayayaye! Pa lage, pa lage, pa lage, pa lage! Eh sa!

Lè a vanse, solèy desann

Fòk m al fè wout mwen, mezanmi mwen pa ka tann

Si tout machann fèmen boutik

Woy Jesika, sitiyasyon m ap vin kritik

Fòk m al chèche on boutèy kleren

Lamé vle met tout moun lan wòy yo

Fòk m achte de twa mòso pen, aswè an ap dòmi bò dlo

Cheri ou konnen sa k pa m se pa ou

Anba solèy, anba lapli

Men aswè a kinnanm mwen an, sèl sa ki pa m s on piwouli

Jesika kenbe piwouli a, li rale piwouli a

Li devlope piwouli a, li gade piwouli a

Li manyen piwouli a, li karese piwouli a

Li kontan piwouli a, li souse piwouli a

Sa l fè? Li souse piwouli a, woy piwouli a

Jesika, souse piwouli a, woy piwouli a

Chouboulout mwen an, souse piwouli a, woy piwouli a

Madmwazèl lan, souse piwouli a, piwouli a

Mezanmi gad longè on piwouli, gad gwosè on piwouli

Gad lagè on piwouli, gad jan l renmen piwouli

Li gen lontan l pa wè piwouli, li bliye l te dous konsa

Piwouli s a men, se la raj oh

Li ka dire pase maryaj oh

Li ka sikre pase on siwomyèl

S on bolewo anba tonèl

Pou ta fini l, fò w t a gen fyèl

Li ban m yon sant koko chanèl

Li cho pase on te sitwonèl

Pa gen tankou l s on bèl siwèl

Ban m chenn pou m vire!

Woooooooo! Woooooooo! Woooooooo!

Woooooooo! Woooooooo! Woooooooo!

Bidi bidi bidi bidi bidi m bi m bow

Zi m bidi m bi m bi m bow

Bidi m bi m bi zam bi im bow

Ba li zam banm bidi m bi m bi m bow

Ay bidi m bim bim bow

Konpa Lòki s on kremas kape brase

S on koulèv k ap derape

Yon tchaka k ap brase ren l

S on mayimoulen k ap moulen

Yon labouyi k ap bouyi

S on akasan as bobori

S on sòspwa k ap woule sou on diri!

Davantage de Luck Mervil

Voir toutlogo