menu-iconlogo
logo

Ayibobo

logo
Paroles
Mw vinn raple'w kiyès ou ye men pate jan ti blan kite'w

Mw vinn raplew valè'w paske'm wè'l fè yon titan kite'w

Ou kontamine san'w gen venin fò'w konn ki dan k pike'w

Premye pèp nwa k libere

Wi se sak idantite'w

Mw vinn raple nou ke nou dwe fière

Ke nou dwe frè et nou lib donk se sa nou vle nou dwe fè

N'ap soufri lontan menn pat travay pou doulè sa

Yo dwe respekte nou paske n te batay pou koulè sa

Mw vinn raple'w ke nou se klou kolon et yo se mato

Yo la pou ofanse n bann manje KK pou gato

Mw vinn raplew ke endepandans nou an se pa yon kado

Raple'w tou ke'w se moun tou koulè po'w pa

Dwe yon fado (Kounnya se lè pou n leve kanpe)

Plan revolisyon an fenk trase

Nou pral fè yo respekte dwa nou san tèt kase (tèt kase)

Nou di non nou pap sibi ankò

Mèt vwa nou ansanm

Ouvè gagann nou pou n di

C'EST ASSEZ

AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBO AYIBO AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBO AYIBO AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBO AYIBO AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBO AYIBO AYIBOBO

Sa fè lontan n'ap plante nou pa jwenn ase fri

Li lè pou n jwenn ze a bouyi nou manje'l ase fri

Nou t esklav zanset yo te goumen pou n pase free

Kounnya ann kanpe pou n fè yo fas nou ase fri

Nou pat janm chwazi viv konsa problèm peyi a pat janm fòt nou

Je nou klè kounnya donk bann vòlè yo pap jwenn vòt nou

Yap ranpli pòch yo nou menm lè n grangou nap rele laba

Nou pap pran belle paròl lè n finn vote pou n rele aba

Nou di NON

Nou dwe viv tou

Donk moun pap vinn prije nou

NON

Pagen okenn f*cking kolon kap vinn drive nou

Nou di NON

E nou kanpe dèyè'l anyen pap vinn rive nou

Nou di NON

Tè sa se pa nou pa gen moun kap vinn rive nou

Leve kanpe mare pwen'w

Jou revolisyon an rive so mare ren'w

Nou pat goumen pou libète a sèlman nan papye

Ann revandike pou yo sispann pase dwa nou anba pye

AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBO AYIBO AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBO AYIBO AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBO AYIBO AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBOBO

AYIBO AYIBO AYIBOBO

Ayibobo par Wendyyy - Paroles et Couvertures