menu-iconlogo
logo

Degaje

logo
Lirik
Ou toujou la pou nwi'm, avili'm

Pran pòz w'ap vin banm bon konsèy

Ou toujou vle blaze'm, mare pye'm

Mwen konnen w'ap chèche parèy

Se pa paske ou gache avni'w

Nan mal mennen vi'w

Pou vle gache pa'm

Se pa paske ou gate pwojè'w

Nan mal fè zafè'w pou vle

Kraze pa'm

Kite'm degaje'm

Pa pèdi tan'w, pa pèdi tan'w

Kite'm degaje'm

Pa pèdi tan'w, pa pèdi tan'w

Ou toujou vle detui

Fè zanmi'm yo vire banm do san rezon

Toujou ap chèche'm, siveye'm

Depi kilè ou te patwon'm

Se pa paske ou pèdi chans pa'w

Pou ka trete pa'm kou vle pèdi pa'm

Se pa paske ou fè kont erè'w

Pou paka tann lè'w

Ou vle, ou vle pou'm fè pa'm

Kite'm degaje'm

Pa pèdi tan'w, pa pèdi tan'w

Kite'm degaje'm

Pa pèdi tan'w, pa pèdi tan'w, pa pèdi tan'w

Zanmi vin kontrarye'm

Ban'm 5 mèt la

Pou'm lave lè a

Ban'm 5 mèt la

Banm distans mwen

Pou'm lave lè a

Sandoudou

Degaje pa peche

Ou manje ak graten ou menm

Chak moun nan lavi

Chak moun nan lavi

Gen yon chans pou'l pase

Si'w kite'l pase zafè'k gade'w

Chak moun nan lavi

Gen yon chans pou'l pase

Si'w kite'l pase zafè'k gade'w

Zafè'k gade'w

Si'w kite chans prezidan'w lan pase

Zafè'k gade'w

Si'w kite chans senatè'w la pase

Zafè'k gade'w

Si'w kite chans direktè'w la pase

Zafè'k gade'w

Chans sipèsta'w la pa kite'l pase

Chak moun nan lavi

Chak moun nan lavi

Gen yon chans pou'l pase

Si'w kite'l pase zafè'k gade'w

Zafè'k gade ou

Chak moun nan lavi

Gen yon chans pou'l pase

Si'w kite'l pase zafè'k gade'w

Sandoudou

Degaje pa peche

File twonpèt la an granmoun

Apa'w sezi

Mwen pa'p pèdi chans pa'm

Mwen pa'p pèdi chans pa'm nan

Se laj k'ap monte o

Mwen pa'p pèdi chans pa'm nan

Se laj k'ap monte o

Se granmoun n'ap granmoun

Lè lafimen ap degaje

Kiyès ki ka bloke'l

Lè a rive pou degaje

Tout moun 2 men anlè

Degaje, degaje, degaje tankou se lafimen

Degaje, degaje, degaje tankou se lafimen

Ee ee

Yo konn bloke lafimen

Ee ee

Caleb Desrameaux pa pèdi chans pa'w la non

Mwen pa'p pèdi chans pa'm

Mwen pa'p pèdi chans pa'm nan

Se laj k'ap monte o

Mwen pa'p pèdi chans pa'm nan

Se laj k'ap monte o

Se granmoun n'ap granmoun

Lè lafimen ap degaje

Kiyès ki ka bloke'l

Lè a rive pou degaje

Tout moun 2 men anlè

Degaje, degaje, degaje tankou lafimen

Degaje, degaje, degaje tankou lafimen

Ee ee