menu-iconlogo
huatong
huatong
avatar

Libète Se La Vi

Luck Mervilhuatong
ninfacjhuatong
Lirik
Rekaman
Mmmm

Yo di, yo di

Yo di nèg pas renmen nèg

Yo di, yo di

Yo di nèg pa ka wè nèg

Yo di, yo di

Yo di se esklav ki non ou

Yo di, yo di

Yo di pa gen fòs lan san ou

Poutan nou la

Nou tout se pitit mèt la

Nou tout gen fwa lan mèt la

Nèg ak negrès premye sou latè

Nèg al negrès poko anba tè non, non, non

Mwen di nou la

Nou tout se pitit mèt la

Nou tout gen fwa lan mèt la

Nèg ak negrès premye sou latè

Nèg ak negrès pokò en ba tè non, non, non, non

Danse, danse

Danse, danse

Dèyè lapli fòk gen soley

Leve men n anle tankou fèy

Danse, danse

Danse, danse

Danse, danse

Rasin nou plante fon, yo pa p janm ka rache li

Libète se la vi

Mwen di libète se la vi

Mmm

Yo di, yo di

Yo di nou se yon pèp modi

Yo di, yo di

Anpil bagay mwen pa ka di

Yo di, yo di

Tout malè se pou nou

Yo di, yo di

Demen pa ka pou nou

Poutan nou la

Lè gen lavi fòk gen lespwa

Granmoun nan di nou lèd nou la

Nèg ak negrès bay tout moun la vi

Nèg ak negrès gen pou l jwi lavi l tou

Mwen di nou la

Genyen lavi fòk gen lespwa

Granmoun nan di nou led nou la

Nèg ak negrès bay tout moun lavi

Nèg ak negrès gen pou l jwi lavi l tou

Li gen pou l jwi lavi l tou

Danse, danse

Danse, danse

Dèyè danje fòk gen mèvèy

Fè je nou klè kage boutèy

Danse, danse

Danse, danse

Danse, danse

Chwal la mare sere, yon jou n a demare li

Libète se la vi

Li Lè libète se la vi

Mwen di libète se la vi

Woy libète se la vi

Mmm

Le m met yon pye devan, yo pile sou li

Mwen met yon pye dèyè, yo talonen li

Lè m voye kò m sou gòch, yo mache sou mwen

Lè m voye kò m sou dwat, yo pran nanm mwen

Le m met yon pye devan, yo pile sou li

Mwen met yon pye dèyè, yo talonen li

Lè m voye kò m sou gòch, yo mache sou mwen

Lè m voye kò m sou dwat, yo pran nanm mwen

Zanmi m yo pran nanm mwen

Hm yo pran nanm mwen

Ay! Mwen fè sa m kapab

Mwen fè sa m kapab

Mwen pran kann tè, m al monte bato

M manke mouri nan lanmè

Mwen fè sa m kapab

Mwen fè sa m kapab

Mwen fè sa m kapab

Ay! Yo jete m lan dlo, reken manke mane m

Se de ran dlo k koule lan je m

Mwen fe sa m kapab

Mwen fè sa m kapab

Le m rive Bahamas, yo pale m mal

Mwen rive Gwadloup, yo pale m mal

Mwen pase Matinik, yo pale m mal

Mwen rive Jamayik, yo pale m mal

Mwen pase Sentlisi, yo pale m mal

M echwe Gwanntanamo, yo pale m mal

Tout kote m pase, yo pale m mal

Tout kote m rive, yo pale m mal

Sa m fè m ap peye, sa m fè

Mezanmi sa m fè m ap peye

Tout kote m pase, yo pale m mal

Yo pale m mal, yo pale m mal

Kite m en repo frè m yo

Sispann met chay sou do mwen

Sispann pale lan do mwen

Sispann chaje zepol mwen

Ay! Lage m, lage m, lage mwen, lage mwen

Le m met yon pye devan, yo pile sou li

Mwen met yon pye dèyè, yo talonen li

Lè m vove kò m sou gòch, yo mache sou mwen

Le m voye kò m sou dwat, yo pran nanm mwen

Le m met yon pye devan, yo pile sou li

Mwen met yon pye dèyè, yo talonen li

Lè m vove kò m sou gòch, yo mache sou mwen

Le m voye kò m sou dwat, yo pran nanm mwen

Yo pran nanm mwen

Yo pran nanm mwen

Mmm

Selengkapnya dari Luck Mervil

Lihat semualogo