menu-iconlogo
huatong
huatong
baky-koupab-cover-image

Koupab

Bakyhuatong
destelbergenhuatong
Testi
Registrazioni
A 25 ans lavi isit pa fèm rabè

Mkonn lavi pòtoprens ak tout pwoblèm ki vin avèl

Mte marye ak yon fanmi ki te banm yon pitit

Fòm din ke lavim chanje depi le jou li vin sou latè

Mpat g'on gwo kay men nou tap viv ansanm

E aprè nu vin divòse pitit fim al viv ak manmanl

E alepòk se machin mta repare pitit

fim vin g'on bòpè akoz manmanl vin remarye

Yo demare yon lòt vi ansanm, menm te toujou la,

mte toujou la pou pitit fim nenpòt sam genyen mtoujou ba'l

Chak fwal vin wè, se kè rache lè poum mennenl, e

nenpòt sam fè nan lavi konn se pou li tèlmanm renmenl

Tout pòt mèt femen pou mwen depil jwenn pòt ouvri

Mpap nwi dòmi nan fredi depil ka jwenn lèn poul kouvri

Pitit fim pap konn mizè mwen,

mpap nwi mache pye atè ak yn sèl rad depim bal tout sal bezwen,

Map sal kòm pou kò pal ret pwòp, pòch mwen vid pòch pal gen kòb

Ou wè poul konblel map fè tout

kalite djòb. Satisfasyonm se lèm wèl souri

Pitit fim sa se lavim e pa gen anyen mpap fè pou li.

Yon bon maten m'al travay pou twòp kredi,

menm pat koz tout kòb mwen se nan li mte envestil

Mvin g'on dezyèm djòb, s'on ti djòb sekirite

Paskem te g'on lajan lekòl mtap konplete poul te enskri

Tèt mwen cho pou jan dèt sa te toumantem, o

u konn paran! Li mèt pa manje depi pitit li konble.

Telefòn mwen vin sone e lèm gade mwen wè nonl monte

Mdi ma fille cherie comment vas-tu? Siw konn kijanw mankem

Li di a Papi vin dèyèm mpap ret la, m

santi umilye, mpèdi tout pudeur ki te nan kòm.

Mdi saw genyen ou pa alèz,

li di men non bòpèm ap plede manyenm

chak fwal antre la, mpa vlel parèt la ankò,

mdi kisa? li di papi vini tanpri mpral avèw,

-men kot manmanw

-li pat tandem tout lèm te eseye pale avèl. Mdil ret kache map vini

Li dim ok men papi tanpri fè vit

paseke mwen pè se mwen ki pou kòm la avèl.

Misye gen pouvwa, lajistis patap pran kam,

kòm mte g'on djòb sekirite san mpa mande mwen ale ak yon zam

Pa menm ezite m'al defann pitit fim ki minè

San refelchi mwen pran lari direksyon kay yon kriminèl

Lèm rive mfonse pòt poum rantre, g

ras a Dye mrive a tann, mwen kap trennenl devan jem

Mdi hey fout lagem bral, cherie ekate kòw

Pandan lap kouri vin sou mwen mrale zam mwen mbrake baw!

Mkoupab! Si lejitim defans mfè deranjen

Mkoupab! Si se paske mpat aksepte wè dlo nan jel

Mkoupab! Sim wèm lavi en jeu pitit fim an danje,

mte prefere tire yon bandi olyem te ret gad nan je

Mkoupab! Si fè djòb nou nan plas nou s'on gwo mal nan vim

Mkoupab! Si sove lavi pitit fim nan se yon krim

MKoupab! Sim efase yon nèg ki te abizel lèl te

seule, mgarantiw mpa regrèt si pou te fèl mtap refèl

Altro da Baky

Guarda Tuttologo