menu-iconlogo
huatong
huatong
avatar

Volonte W

ALABANZAhuatong
nathan672huatong
歌詞
収録
Volonte w

1-

Yèswa m eseye dòmi

Lespri m te chaje kesyon,

M pa t kapab jwenn pyès solisyon:

Kibò lavi mennen m?

Èske m ap viv pou m wè demen?

Pafwa m mande yon ti kore,

Fè m santi w pi pre, BonDye...

... Pou mwen poze

Tèt mwen sou zepòl ou,

Pou mwen fouye

Pi fon nan Pawòl ou,

Tanpri souple,

Pa kite m mache

Lwen volonte w.

2-

M ap toujou sonje

Pwomès ki di

W p ap janm kite mwen,

Poutan mwen konnen byen

Plezi kapab rale m byen lwen w,

Pen w ap toujou tou pre m –

Erè, betiz mwen korije

E plas mwen toujou rezève

Nenpòt kilè m t a deside...

... Pou mwen poze

Tèt mwen sou zepòl ou,

Pou mwen fouye

Pi fon nan Pawòl ou,

Tanpri souple,

Pa kite m mache

Lwen volonte w, volonte w.

Kite m poze

Tèt mwen sou zepòl ou,

Kite m fouye

Pi fon nan Pawòl ou.

Tanpri souple,

Pa kite m mache

Lwen volonte w,

Pa kite m mache

Lwen volonte w,

Pa kite m mache

Lwen volonte w,

Pa kite m mache

Lwen volonte w,

Pa kite m mache

Lwen volonte w

Pa kite m mache

Lwen volonte w.

Fen

ALABANZAの他の作品

総て見るlogo