menu-iconlogo
huatong
huatong
Letra
Gravações
Se ou m'tap tann

Pou mwen di'w tout sa ki nan panse'm

Pa fè komsi w'pa wè

N'ap benyen nan chagren lanmou'n anmè

Nou fè sanblan nou byen

Devan moun nou pa goumen

Mwen pwal chante dèy

Sou tout pwomès ou yo

Men kijan ou pwal fè sa

Pou ou gade'm nan je?

Bouch ou pa tranble

Pou ou di'm ou pa anvi'm ankò ò?

Men kijan ou pwal fè sa

Pou ou gade'm nan je?

Bouch ou pa tranble

Pou ou di'm ou pa anvi'm ankò ò?

Mwen pa konn kijan pou'm kite'w

Ou pa deside pou'w kite'm

Kisa w'ap fè'm konsa?

Tolere'w mwen tolere'w

Se pou tèt sa ou fè'm mal konsa

Tolere'w mwen tolere'w

Tout sa ou vle sé li mwen vle e

Tolere'w mwen tolere'w

Sé pou tèt sa

Wè pa wè, tout jan'm bat kò'm

Sé ou mwen renmen

Tout tan sa'n ansanm

Mwen kenbe kè pou'm pa di'w verite

Tout tan sa'n ansanm

Mwen kenbe kè pou'm pa di'w sa'm panse

Ou toujou vle konpare'm

Ak lòt moun ki byen

San ou pa wè m'ap goumen

Goumen pou yon jou

Pou'm ta ba'w bag sa

Te mèt neye, m'pap ba'w vag

Men kijan ou pral fè sa

Pou'w gade'm nan je?

Bouch ou pa tranble

Pou ou di'm ou pa anvi'm ankò ò?

Men kijan ou pwal fè sa

Pou ou gade'm nan je?

Bouch ou pa tranble

Pou ou di'm ou pa anvi'm ankò ò?

Mwen pa konn kijan pou'm kite'w

Ou pa deside pou ou kite'm

Kisa w'ap fè'm konsa?

Tolere'w mwen tolere'w

Se pou tèt sa ou fèm mal konsa

Tolere'w mwen tolere'w

Tout sa ou vle, se li mwen vle e

Tolere'w mwen tolere'w

Men fo'k ou bliye tande

La vi kout, lanmò long

Depi pa gen lanmou jete'w

Depi pa gen lanmou jete'w

Se adrès sa mwen konen

Se nimewo kay sa mwen konen

Pa voye'm al depoze kè'm

Devan pòt lòt moun mwen pa konen

Se adrès sa mwen konen

Se nimewo kay sa mwen konen

Pa voye'm al depoze kè'm

Devan pòt lòt moun mwen pa konen

Mwen di'w mwen sèmante

Pa gen lòt moun ankò

Pa gen lòt ki ka fè'm dakò (Se ou'l ye)

Pa gen lòt moun ankò

Pa gen lòt ki ka fè'm dakò

Se adrès sa mwen konen

Se nimewo kay sa mwen konen

Pa voye'm al depoze kè'm

Devan pòt lòt moun mwen pa konnen

Mwen di'w mwen sèmante

Pa gen lòt moun ankò

Pa gen lòt ki ka fè'm dakò (Se ou'l ye)

Pa gen lòt moun ankò

Pa gen lòt ki ka fè'm dakò

Depi pa gen lanmou jete'w

Depi pa gen lanmou jete'w

Tout sa ou vle se li mwen vle e

Tolere'w mwen tolere'w

Se pou tèt sa

Wè pa wè, tout jan'm bat kò'm

Se ou mwen renmen

Mais de Rutshelle Guillaume/Kai

Ver todaslogo