menu-iconlogo
logo

Sa pa lov

logo
Тексты
Mmmh! Cheri a

Ou te mande pou yon moun ki pou te pran swen ou

Ou te mande pou yon moun ki pou pwoteje ou

M t ap toujou la pou ou

Mwen t ap goumen pou ou

Mwen t ap pran bal pou ou san ezite

Mmmh! Cheri a

Ou pase lanmou anba pye m

Ou chire m tank'on papye

Depi m pale avè w, ou babye

Lè m ba w manje, ou baye

Tout sa mwen fè pa janm bon

Menm lè w gen tò, m ba w rezon

M ap tou remèt demisyon m

Love, love, gen de jan l vini, l fò w bliye kiyès ou ye

Love, gen de jan l vini, l fò w bliye si w egziste

Love mwen vle a pa sa

Love mwen vle a pa sa

Love mwen vle a pa gen anyen pou wè avèk sa

Baby, tande! lavi a pa mande tout sa

Ou genlè pa janm reflechi

Pa di m ou bliye gen kama

Yon jou, w a wè kisa w pedi

Sa w voye m al fè la

Sa w panse m pral fè la

Mwen k panse w t ap pran tan pou w bliye m

Men m wè w afiche nèg ou byen serye

Kijan m pral di fanmi m yo (kè m kraze?)

M t avè w nan boul figi yo (menm lè yo pat vle)

Mezanmi tèt chaje avè w m te vle on bagay serye

Nan chache bonè mwen jwenn plis pwoblèm

Love, love, gen de jan l vini, l fò w bliye kiyès ou ye

Love, gen de jan l vini, l fò w bliye si w egziste

Love mwen vle a pa sa

Love mwen vle a pa sa

Si m pa ka jwenn li jan mwen vle l la

Si m pa ka jwenn li jan mwen vle l la

M ap tou bay lanmou legen

Oh, oh, oh, oh

Oh, oh, oh, oh

Sa w voye m al fè la?

Sa w panse m pral fè la?

Enposib ki la! Enposib ki la, yes

Oh, oh, oh, oh

Oh, oh, oh, oh

Sa w voye m al fè la?

Sa w panse m pral fè la?

Oh, bebe! jou m ap wè nou men nan lanmen

M ap mache sou ou avèk kè plen

M ap f'on ti bo pou ou

Ak 32 dan m deyò

M ap bay misye lanmen

Epi m tou al lakay mwen

Pou m al kriye kou timoun piti

Pou m al priye pou m bliye tout souvni

Tout fo ti kè kontan

Tout fo ti fè lanmou yo

Yon jou ma va refè, men m tou bay lanmou legen

Oh, oh, oh, oh

Oh, oh, oh, oh

Sa w voye m al fè la?

Sa w panse m pral fè la?

Love, love, gen de jan l vini, l fò w bliye kiyès ou ye (kijan m pral di fanmi m yo)

Love, love gen de jan l vini fò w bliye si w ekziste (m t avè w nan boul figi yo)

Love mwen vle a pa sa

Love mwen vle a pa sa

Love mwen vle a pa gen anyen pou wè avek sa

Kijan m pral di fanmi m yo (kè m kraze?)

M tavè w nan boul figi yo (menm lè yo pat vle)

Mezanmi, tèt chaje! Avè w m te vle on bagay serye

Nan chache bonè mwen jwenn plis pwoblèm

Love, love

Sa pa lov от Enposib - Тексты & Каверы