menu-iconlogo
logo

Bel ti moman

logo
Тексты
Moman sa p ap janm efase

Moman sa p ap janm efase

Èske w sonje, doudou

Nou pase bèl moman foli

Nou gen de bèl souvni

Kote nou te toujou an amoni

Nou fè tout sa anpil lòt reve fè

Bèl ti moman

Toujou rete grave

P ap janm ka efase

Bèl ti moman

Toujou rete grave

P ap janm ka efase

Si w ta mande m eksplike

Pawòl mwen yo p ap ase

Pou sa mwen avèk ou pase

Nan memwa m ou ret grave

Fò m ta yon engra vre

Fò m ta manje manje bliye

Pou sa mwen avèk ou pase

Nan memwa m ou ret grave

M pa sa chanje sa

Bèl ti moman

Toujou rete grave

P ap janm ka efase

(Efase)

Bèl ti moman

Toujou rete grave

P ap janm ka efase

Si w ta mande m eksplike

Pawòl mwen yo p ap ase

Pou sa mwen avèk ou pase

Nan memwa m, ou ret grave

Fò m ta yon engra vre

Fò m ta manje manje bliye

Pou sa mwen avèk ou pase

Nan memwa m ou ret grave

M pa sa chanje sa

Bèl ti moman

Toujou rete grave

P ap janm ka efase

Bèl ti moman

Toujou rete grave

P ap janm ka efase

Lion definition

Men moman m t ap pale w la

Nou se de privilejye

Fòk nou ka konprann sa

Ou pa konn pou mwen jan w konte

Mwen valorize sa

Mwen pa pral ret tann ou ale lwen m

Pou m di si m te konnen

M ap demoutre w kouman mwen renmen w

Olye, demen, m vin plenyen

Nou se de privilejye (nou pa dwe janm neglije sa)

Fòk nou ka konprann sa (nou neglije sa)

Ou pa konn pou mwen jan w konte

Mwen valorize sa

Nou se de privilejye (nou pa dwe janm neglije sa)

Fòk nou ka konprann sa (nou neglije sa)

Ou pa konn pou mwen jan w konte

Mwen valorize sa

Mwen pa pral ret tann ou ale lwen m

Pou m di si m te konnen

M ap demoutre w kouman mwen renmen w

Olye, demen, m vin plenyen

Nou se de privilejye (nou pa dwe janm neglije sa)

Fòk nou ka konprann sa

(Nou neglije sa) ou pa konn pou mwen jan w konte

Mwen valorize sa

Nou se de privilejye (nou pa dwe janm neglije sa)

Fòk nou ka konprann sa

(Nou neglije sa) ou pa konn pou mwen jan w konte

Mwen valorize sa

Bel ti moman от Harmonik - Тексты & Каверы