menu-iconlogo
logo

Dim&039;kisa pou mwen fè

logo
Тексты
Vini, vini pou′m rakonte'w

Sa ki sou kè an mwen

Jan lespri′m toumante

Chak fwa m'panse avè'w

Mwen pa gen fòs pou′m di′w

Jan'w gouvène lespri′m

Men sou jès mwen ou ka wè

Se a ou m'ap panse

Mwen pa konn kisa pou mwen fè

Pou mwen avè′w

Yon sèl bagay m'ap mande′w

Sonje'm nan rèv ou

Yon ti mizik ke mwen ekri

Pou fè'w plezi

S′yon testaman ke lanmou

Ban mwen pou′m ekri

W' wè si′w koute w'a tande

Zantray mwen k′ap pale

Si'w wè mwen di′w sa

Santi se paske mwen pa vle pèdi tan'm

M'pa konn kisa pou′m fè

Devan′m se ou mwen wè

Mwen p'ap janm sispann mande′w

M'ajenou nan pye′w o, o, o

Se pou sa m'ap mande′w

Di'm kisa pou mwen fè

Pou'm genyen′w nan vi′m

Going out of my mind

When I think of you (2 fwa)

Si'm te konn janm pran san′m

Pou mwen aproche'w

Chèche tout ti pawòl pou′m eksprime'm

Menm lè je′m avèk je'w kontre

Ou fè yon jan w meprize'm

Mwen menm mwen pa nèg ki dekouraje

Sitou lè se flèch lanmou ki pike′m

Menm lè′l fè'm mal m′gen dlo nan je

Pou ou m'ap aksepte′l

Di'm kisa pou mwen fè

Pou′m genyen'w nan vi'm

Going out of my mind

When I think of you (2 fwa)

Si′m te konn janm pran san′m

Pou mwen aproche'w

Chèche tout ti pawòl pou′m eksprime'm

Menm lè je′m avèk je'w kontre

Ou fè yon jan w meprize′m

Mwen menm mwen pa nèg ki dekouraje

Sitou lè se flèch lanmou ki pike'm

Menm lè'l fè′m mal m′gen dlo nan je

Pou ou m'ap aksepte′l

Di'm kisa pou mwen fè

Pou′m genyen'w nan vi′m

Di mwen kisa pou'm fè pou mwen genyen

Going out of my mind

When I think of you

Di'm kisa pou mwen fè

Pou′m genyen′w nan vi'm

M′pa konnen sa pou'm fè pou mwen genyen

Going out of my mind

When I think of you

Dim&039;kisa pou mwen fè от Harmonik - Тексты & Каверы