menu-iconlogo
logo

Obsede

logo
Тексты
Dlo nan je m p ap sispann koule

Sou vye bout papye ke m ape konpoze

Sou lorizon m a mete w kouche

Desine w ak yon koulè k pa egziste

′Parmi les saints' m a va ekspoze w

Pou yo sa ajenou nan pye w

Pou yo konnen kiyès ou ye

Ou se pi bèl not lè m ap chante

Ou se tout kè mwen lè m ap monte

Mwen montre jan mwen devwe

Pou mwen, ou pa konn sa w ye

E tèlman sa fè mwen mal

M a pote tout rivyè, tout lanmè

Pou w wè jan m obsede

Pou mwen, ou pa konn sa w ye

E tèlman sa fè mwen mal

Sou yon gita dezakode

M pral montre w ki jan mwen tonbe

Mwen pè e m pa t vle di ou

Lanmou mwen gen nan kè mwen ka blese mwen pi fon de jou an jou

Mwen pa vle ofanse ou

Bèl ti pawòl e powèm, ni dezi mwen genyen andedan mwen

Pou mwen, ou pa konn sa w ye

E tèlman sa fè mwen mal

M pral apante tout rivyè, ni lanmè

Pou w wè jan m obsede

Pou mwen, ou pa konn sa w ye

E tèlman sa fè mwen mal

Sou yon gita dezakode

M pral montre w, oh-oh-oh

Harmonik

This obsesion is my confession

I found love through your eyes

Pou mwen, ou pa konn sa w ye

Ni ou p ap janm konnen m obsede

This obsesion is my confession

I found love through your eyes

M a ekri w powèm ki alanvè

Invante ′des mots' ki devan dèyè

This obsesion is my confession

I found love through your eyes

Pou mwen, ou pa jan konn sa w ye

Ni ou p ap janm konnen m obsede

Mwen ekri powèm ki alanvè

Invante 'des mots′ ki devan dèyè

M ka di w lanmou m nan yon lòt verite

Tèlman m obsede

Dlo nan je m ap fe rigòl sou manton m

Lè m ap febli ak tout vye rezon

Nan zye w genyen yon labirent

Lè m antre, mwen pa janm ka soti

This obsesion is my confession

I found love through your eyes

This obsesion is my confession

I found love through your eyes

Obsede от Harmonik - Тексты & Каверы