menu-iconlogo
logo

M Pa La Ankò

logo
Тексты
Ou-ou-ouh! (m pa la, m pa la, m pa ...)

Depi m renmen, m bay tout mwen menm

Yon jan pou pèsonn pa kite m

W antre nan vi mwen, ou twonpe m

Ou jwe ak pesonalite m

Anpil fwa mwen konn kriye, dlo nan je mwen pa koule

Men sa pa janm anpeche m kè m toujou ret kagoule

Di manmi, papi w pa bezwen rele mwen (m pa la, m pa la ankò)

Epi ou mèt sispann sone telefòn mwen (pa la, m pa la ankò)

M pa pou ou ankò, ou pa bezwen veye mwen (m pa la, m pa la ankò)

Lè mwen te nan men w lan, ou pa t jan m jere mwen (m pa la, m pa la ankò)

Pou sakrifis m te fè pou ou

Se pou ou t aprann kisa k lanmou

Pou janm te met espwa m sou

Gade ki jan jodi a ou fè moun imilye mwen

Ou jwe ak diyite mwen

Ou fè yo konn vi prive mwen, e-e-e-eh!

Anpil fwa mwen konn kriye, dlo nan je mwen pa koule

Men sa pa janm anpeche kè m toujou ret kagoule

Di manmi, papi w pa bezwen rele mwen (m pa la, m pa la ankò)

Epi ou mèt sispann sone telefòn mwen (pa la, m pa la ankò)

M pa pou ou ankò, ou pa bezwen veye mwen (m pa la, m pa la ankò)

Lè mwen te nan men w lan, ou pa t jan m jere mwen (m pa la, m pa la ankò)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (non, m pa ankò)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (ye-yeah, m pa la, m pa la)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di m pa la ankò,non-non-non, e-e-eh)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen pa la, mwen pa la...)

Ou ban m tout chay pote

Kounyèya, s'on lòt vi m ap trase

Ou fè m konn enpòtans kesyon m

Ou fè konn enpòtans rezon mwen

Ou pran m pou sa m pa ye

Fè m mache dèyè w tout kote

Men, bebe, jodi a, m di w

M pa la ankò, ou-ouh, oh-oh!

M pa la, m pa la, m pa la ankò (m pa la ankò, non-non, ou-ou-ye!)

M pa la, m pa la, m pa la ankò(mwen di m pa la ankò, non-non)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di pa la ankò, ye-e-e-eh!

M pa la, m pa la, m pa la ankò (ou-ou-ou-ou-ouh)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di m pa la ankò non, ye-e-e-eh)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di m pa la ankò, non-non)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (non-non-non)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (ou-ou-ou-ou-ouh)

M Pa La Ankò от Rutshelle Guillaume - Тексты & Каверы