menu-iconlogo
logo

A Qui Veut L'entendre

logo
Тексты
Wendyyy

À qui veut l'entendre

Nap viv nan yon mond kote sèks ranplase lanmou

Kote "Haine" ap bwase nan nou

Nou menm bliye ki kote kè'n plase nan nou

Nou akòde plis enpòtans a kò'n pase nanm nou

Lè'w vivan w pa anyen, w'enpòtan lè'w pa la

Diyite tounen machandiz depi'w gen dala

"Tout va mal" se ipokrizi kap renye

Rezo sosyo tounen tribinal, antèman tounen gala

Kraze brize ranplase grèv

Kochma ranplase rèv

Lè'm ap gad eta nou sa fè'm plis ke mal

E franchman nou vo plis ke sa

So! Ensanse kite'm pal'avè'w

Nenpòt sa w'ap fè a kite'l. Pal'a frè'w

Pa ret ensansib kite'm pal'a kè'w

Koute melodi a, kite'm al avè'w

Nou tankou chyen kap chache pis

Pa janm kontante toujou ap chache plis

E m'konn track sa a son tèks map gaspiye,

si'm te pran yon beat m'antre nan langèt manman'w li t'ap mache plis

Se pou'm montre'w nan ki eta nou ye

Nou banm anvi vomi, son bann dega nou ye

Nou tout diferan men youn ap konfonn lòt

Chak jou nou pale men youn pa konprann lòt

Relasyon "Crazy glue", amitye tepe

Nou pa wont? Bann chyen de pye

Nou bèl lè nou lwen men nou lèd de pre

Nou menm bliye si anlè a gen yon DP

Se mwen'k pou fè chanjman an oubyen se ou?

Hein? Li menm oubyen se nou?

Donk, kòm nou son bann bèt nou pa gen konsyans

M pap gaspiye tan'm album mwen an pap gen rap konsyans.

A Qui Veut L'entendre от Wendyyy - Тексты & Каверы