menu-iconlogo
logo

Nou Fake

logo
Тексты
Nou tout ap fè sanblan nou byen men nou mal

Nou bay vizaj moun ki ge men o fon nou kal

Figi nou make jwa men anndan nou pal

Nou santi bon byen abiye men anndan nou sal

Mond lan vin telman fake je Donne raison à qui vit seul

Pa gen koup ki solid tout mare a ti fisèl

Ou pa konn ki fanm ki pa bon tout gen vizaj a ti pucelle

Pa gen moun ki vrai tout moun atifisyel

Nou pito envite yon vi olyen afiche nou jann ye a

Bay tèt nou manti olye nou pran lavi janl ye a

Pa gen nou youn ki pou chanjman donk nou chak chwazi yon klan

Nou youn pa vle onèt donk nou chak chwazi yon plan

Tout moun vle lapè men ki moun ki fè premye pa a hein

Tout moun vle ede ki moun ki lonje premye bra a hein

Tout moun vle pataje men kiyes ki bay premye pla ahein

Kilè nap gen kran poun di se nouk fè premye ka a hein

Lanmou nou fake

Aparans nou fake

Souri nou fake

Wi nou tout fake

Nou tout gen kè nan men menn pap separe lè se pa nou

Annik chita n toujou wè san ta fè lè se pa nou

Pa gen moun ki onèt, pa gen moun ki vrè

Figi nou tout makiye, pa gen moun ki fyè

Je nou tout kale, men pa gen moun ki wè

Mond lan ap depafini men pa gen moun ki wè

Nou tout ap viv nan manti nou pwograme kon pc

Aparans nou fo e pèsonaliten konprese

On se voile la face e pa gen moun ki konfese

Nou pè jijman lòt lèn san makiyaj nou konplekse

Lè figiw pa gen make up, ou pa gen fo zong, ou pa gen fo cheve ou twouvew lèd

Lèw pa twouvew two nwè, ou pa gen bouda

Lèw pa twouvew twò gwo ou twouvew mèg

Men se pa fòt nou se fot sosyete a

Ou santiw pi alèz pouw preche fo de saw swete a

Nou pa fyè de sa nou ye nou kache dèyè maskara

Nou tèlman pè jijman lòt nou sanble yon bann maskarad

Nou pa fyè de jan nap viv nou parèt a on lot klas

Nap chanje koulè nou poun sanble a yon lòt ras

Yo pa konn ki moun nou ye koz nou parèt a yon lot plas

Nou pa gen idantite chak joun parèt a yon lòt fas

Nou Fake от Wendyyy - Тексты & Каверы