menu-iconlogo
logo

Renmen Ayiti

logo
Lời Bài Hát
Nou bezwen lanmou yo ban nou male

Nou bezwen lapè yo ban nou laguè

Nou bezwen travay yo vle nou mande

Nou bezwen vanse yo met chèn nan pye'n

Nou bezwen respè yo pa prann pou moun

Nou bezwen pale yo met pye sou kou'n

Nou vle liberte yo bann religion

Nou vle tet ansann yo c divisyon

Kombyen timoun pouki pèdi avan ti dlo kule nn je'n

Kombyen ayisyen puk mouri anvann deside leve pye'n

Kombien tire di'n kombyen mò avan chèf tounen sèvitè

Kombien viktim ak kombyen kò avan nu rele sètase

Kombyen ti zang pouki peri anvan nou komprann fos lavi

Kombyen kriye kombyen tanpri anvan pu mizè nou fini

Kombyen vyolans ak san fanmiy avan'n kaba ak malfini

Kombyen chante kombyen pwezi

Avan nou renmen ayiti

Nou bezwen sante yo ban'n kolera

Nou bezwen mang yo ban nu fatra

Nu vle abiye yo ban nu pèpè

Nou bezwen leve yo mete'n atè

Nou vle makònen yo pa wèl konsa

Bezwen wè demen yo tuye lespwa

Nou bezwen zanmi yo fè nou ledmi

Nou bezwen grandi yo vle nou peri

Refren bis

Kombyen timoun pouki pèdi avan ti dlo kule nn je'n

Kombyen ayisyen puk mouri anvann deside leve pye'n

Kombien tire di'n kombyen mò avan chèf tounen sèvitè

Kombien viktim ak kombyen kò avan nu rele sètase

Kombyen ti zang pouki peri anvan nou komprann fos lavi

Kombyen kriye kombyen tanpri anvan pu mizè nou fini

Kombyen vyolans ak san fanmiy avan'n kaba ak malfini

Kombyen chante kombyen pwezi

Avan nou renmen ayiti

Anvan nou renmen ayiti

Li le pou nou renmen ayiti

Mwen vle wè nou renmen ayiti

Ayitiiiii

Kilè nap renmen ayitiiii

Fok nu renmen ayitiii

Li le pou'n renmen ayitiiii

Fin