Woy lo! Loy!
Ti frè ti frè lan pwen mistè lan mete lòd lan kay la
Sistè sistè wi li posib pou jwenn la pè lan baz la
Gen lòt peyi ki te pi mal
Yo mete tèt ansanm yo pote chay
Gen lòt kote ki tap pran fay
Yo mete tèt ansanm, pou peyi yo ka janm
Gason, kou fanm, boule, kou flanm!
Pou mounn sa yo, mwen ka bay sanm
Ann ale! Ann ale!
Wa pase pran m ma pase chèche w
Mwen sonje Anakaona, Kaonabo
Yo ki te mouri pou nou te ka viv
Ayibobo! Ayibobo pou yo!
Tire kano w peyi fè m konen nou la
Ayibobo! Mwen di ayibo bow! bow! bow!
Sak pa vle vanse, kite nou ale
Ann ale! Avanse pa m yo!
Wa pase pran m ma pase chèche w
Ou Anakaona mwen Kaonabo
Nou pa pè mouri pou peyann ka viv
Alelouya! Alelouya pou nou!
Tire kano w ayiti fè m konnen w la
Alelouya! Alelouya! Ya! Ya!
Sak pa vle vanse, kite nou pase
Gen lòt peyi ki te sou ray
Yo mete tèt ansanm yo pote chay
Mwen di w gen lòt kote brodè ki tap pran fay
Yo mete tèt ansanm, pou peyi yo ka janm
Gason, kou fanm, boule, kou flanm
Pou mounn sa yo, mwen ka bay sanm
Ann ale! Ann ale!
Wa pase pran m ma pase chèche w
Mwn sonje Anakaona, Kaonabo
Yo ki te mouri pou nou te ka
Ayibobo! Ayibobo pou yo!
Tire kano w peyi fè m konen nou la
Ayibobo! Mwen di ayibo bow! Bow! Bow!
Sak pa vle vanse, kite nou ale
Ann ale! Avanse pa m yo!
Wa pase pran m ma pase chèche w
Ou Anakaona mwen Kaonabo
Nou pa pè mouri pou peyann ka viv
Alelouya! Alelouya pou nou
Tire kano w ayiti fè m konnen w la
Alelouya! Alelouya! Ya! Ya!
Sak pa vle vanse, kite nou pase
An nou sispann fè chat konfyans
Pou veye mantèg nou
Ay! Mwen di!
An n pa pran lan ignorans
Pou n gere malè nou
Gadon paradi nou gen lan men nou
Sa m wè m, pa sa pale
Genyen bon chalè
Genyen bèl plezi la
Bon jan lanmou
Bon jan maji
Se la soley la vinn fè younn avek lan mè a
Se la balènn nan toujou limen lan lakou an
Se la k fos la vi m
Se la k d'lo lan je mwen
Se la ki bèl fanm mwen
Se la ki fanmi mwen
Ah! Yayayayayayayayayo! Oh!
Ann al! Ann ale!
Wa pase pran m ma pase chèche w
Mwn sonje Anakaona, Kaonabo
Yo ki te mouri pou nou te ka viv
Ayibobo! Ayibobo pou yo!
Tire kano w peyi fè m konen nou la
Ayibobo! Mwen di ayibo bow! Bow! Bow!
Sak pa vle vanse, kite nou ale
Ann ale! Avanse pa m yo!
Wa pase pran m ma pase chèche w
Ou Anakaona mwen Kaonabo
Nou pa pè mouri pou peyann ka viv
Alelouya! Alelouya pou nou
Tire kano w ayiti fè m konnen w la
Alelouya! Alelouya! Ya! Ya!
Sak pa vle vanse, kite nou pase
Woy lo! Loy!