menu-iconlogo
logo

Love Pa Peye Bill

logo
লিরিক্স
Dlo nan je l jenou l atè soufrans avè l fon sèl

Se vre w ap konsole l wi w ap koute l men sal bezwen w pa wè l

Nou renmen n ap viv lanmou men dèfwa sa pa ase

Ou la nan bon moman men lè l gen pwoblèm yo ou pa janm sipòte l

Men l pran w li pran w malgre sa w manke

Se ou l vle l aksepte w jan w ye ak espwa yon jou wa chanje ye ye

Li pran w li pran w

L al chache kenbe yon branch bwa ki pap janm pandye

Lap frape pòt ou pa tande

Ret la wap bay love

Love pa peye bill

Wap bay bèl pawòl

Men pale anpil pa konn peye bill

Se vre l bezwen love men bagay yo anpil

Yo pap di w kisa pou w fè men w konnen lòv pa peye bil

Yon kay de pitit fè bwat bill machin bill dlo li k peye lekòl

Bill rad bill kouran kòb sòl asirans menm sèvant pou l peye pou kòl

Wap gade w pa di yon mo pandan tout chay yo sou do l

Son tray lap pase yon mizè san kanpe bagay sa fin fè l fòl

Men l pran w li pran w malgre sa w manke

Se ou l vle l aksepte w jan w ye ak espwa yon jou wa chanje ye ye

Li pran w li pran w l al

Chache kenbe yon branch bwa ki pap janm pandye

Lap frape pòt ou pa tande

Ret la wap bay love

Love pa peye bill

Wap bay bèl pawòl

Men pale anpil pa konn peye bill

Se vre l bezwen love men bagay yo anpil

Yo pap di w kisa pou w fè men w konnen lòv pa peye bil

Konn se gen fanm plede fè lanmou epi pa jere kay la

Panse tout fanm ap vle ret grangou pandan w pa janm vle travay

W sou gouye w sou gouye w sou gouye

Madanm ou ap konte bill ou menm ou sou gouye

Plen nèg ap ofri l li ba bay bò paske se ou l renmen

Woy woy woy Medgy vle jere l li pa sou sa

Baky vle jere l li pa sou sa

G on lòt k ap vini wap sezi jan bagay yo chavire nan men w

Atansyon

Pou w pa pèdi manzè

Met gason sou ou

Pou w pa pèdi manzè

Konn se gen fanm plede fè lanmou epi pa jere kay la

Panse tout fanm ap vle ret grangou pandan w pa janm vle travay

Baky/Medjy-এর Love Pa Peye Bill - লিরিক্স এবং কভার