menu-iconlogo
logo

Monte Desann

logo
লিরিক্স
Je'm femen m pa jwenn somey

Ou kidnape'm m bezw'on sovè

M we lavi'w ranpli fenwa

Le'm ofri'w limye ou mande'm soley

Keu'm bat, ou di'l fe twop bri

W'ap fe'm kouri men'w di'm vinn two vit

Ou di'm pa janm mennen'w soti

Men le'm envite'w ou di'w gen domi

M santi'm bloke m pa konn sa pou'm fe

Ou fe m'ap frap'on pot ke'w p'ap janm ouvè

Ou fe lavi'm toun'on lanfè

M'ap monte desann (sann sann sann)

Monte desann (sann sann sann)

W'ap fe'm monte desann (sann sann)

Monte desann (sann sann sann)

Ou telman maltrete mwen je'm paka kenbe li fe dlo (li fe dlo)

Ou fe'm kouri vinn jwenn ou, le'm preske kenbe'w ou ban'm do

M'ap monte pi wo oh oh m pra'l chache limye

M pra'l chache we yo, pou tout mal ou fe'm yo

M pra'l pote plent pou keu'm keu'm ki tonbe senyen

M'ap aveti tout neg paske ou pa konn renmen

Ou pran plezi'w fe'm pase mize komsi'm pa vo anyen

Fe neg monte desann apre w'a di'w pa konn anyen

M'ap monte desann (sann sann sann)

Monte desann (sann sann sann)

W'ap fe'm monte desann (sann sann)

Monte desann (sann sann sann)

M'ap met 2 men'm anlè si'm pa pale m'ap toufe

Fo'm fe respe'm ave'w si'm pa kite'w w'ap touye'm

Ou pran'm pou esklav ou (eh eh esklav ou)

Ou pran'm pou esklav ou (eh eh esklav ou)

M'ap monte desann (sann sann sann)

Monte desann (sann sann sann)

W'ap fe'm monte desann (sann sann)

Monte desann (sann sann sann)

(Baky)

(Monte desann, monte desann, monte desann)

Baky-এর Monte Desann - লিরিক্স এবং কভার