menu-iconlogo
logo

Sikatris

logo
লিরিক্স
Sa pako rivew pouw gon secret, telmanl few mal, ou pa FOUTI AVWE'L?

Pou lanmou'w tap chache a, vi'w FOUTUE AVÈ'L?

Eben banm rakonte'n yon istwa de yon fanm

kem te genyen, m t wè jwa ak tout FUTUR'M AVÈ'L

Li te chèf tèt mwen, se li'k tap KOMANDE

M pat konn manke afeksyon, pwiske'l te konn sa KÒ'M MANDE

So m' te konble, chak maten'm leve poul ANBA ZYE'M

M te konnenl pap janm kite'm so, m pat konn pè poul RANPLASE'M

Bonè pa konn mize, li vin sou ou, chak KON'W PARE

Pat gen kesyon de sexfriends, ou tap wè jwa chak KON'L PALE

So m' te jwenn Love, lè'm an danje, se li'k tap PWOTEJE'M

E'm ret kwè s'il te avèg yon jou, ba li'm tap POTE JE'M

Pou mwen'l ton MODÈL

Chak jou poum pran lèv li, fè ti MODE'L

E jamè'm pap dòmi, si au moins, m pa li un ptit MOT D'ELLE

Pou li'm pat vlel wè'm IMPARFAIT

M te montre'l kem te renmen'l, se pat par paroles, MEN PAR FAITS...

Wi'm te jwenn pa'm lan, nou deside marye, fondon FOYER

Tout preparasyon fin fèt, jou a rive, se non'w SOIRÉE

M'antre legliz la, tout moun prezan, sauf li'k te à L'ÉCART

Men'm te konvenku lap la kanmèm, se ka yon RETARD

Gon temwen'k di, sil pa vini lap KOZE YON LAPÈN

2h d tan pase, tout panse qu'elle m'a POSÉ UN LAPIN

E map rele'l m pa k jwenn li, map swe, fè'm PA LÈD

Map mande sa'm te fè'l mal, men poukil pa janm PARÈT?

Li pat renmenm vre, petèt li te just ap PWOFITE

Map marye ta dwe gen chanpay, nan plas li yap OFRI'M THÉ

M rayi tèt mwen, map mande pouki'm tap EPOUZE LI?

Pouki'm pat REPOUSE LI?

Pouki'm fè sa? E POU ZYE LI?

San zatann, pòt la ouvè, 2 polisye koud NERFS MWEN

Tèlman'm tap pale fort, mwen'm panse yo te la pou RÈL MWEN

But noooo, yo di'm madanm mwen fè aksidan,

doktè di ke'l pap sove, sèl sa'l mande, se poul WÈ MWEN...

Yo'w m' pap kachew di'w, lè sa sou mwen VAN MALÈ VANTE

Map priye pou se pa vre, pou se just YON MAL ENVANTE

Map reflechi, kijan'm pral ka gade'l kap SOUFRI

E ki kouraj m pral genyen poum wèl kap bay dènye SOUF LI

So'm PRAN KRIYE

E nan kè'm tout mal vin ANPILE

M te wont dèske'm tap doute, e si ka'l vin ANPIRE?

Men'l te two tard, au lieu poum marye, men BAKY TÉMOIN

De lanmò pwòp madanm mwen, m just ret gade'l KAP KITE MWEN...