menu-iconlogo
logo

César

logo
লিরিক্স
Anh

Menm siw ta wèm bò kotew entre nous gon gran eka

Nou pa gen menm vision menm siw wè n gen menm rega

Nou pap janm ka gen menm fòs menm siw ta wè n gen menm bra

Nou pa pral menm kote menm si w ta wè n fè menm pa

Wap chanjé koulè mw map chanje vim aprè album sa fòm ta pran repo

Lèm di m son rapè n telman wèm sal

poun ta santi n alèz fòm ta chanje po

M konn wèw pèdi mwen m pakonn defèt

tout sak pa tiyem mwen pranl pou leson

Nap chache yon atis ki reyisi

Please please please

Pa pranm pou ekzanp

Mw m la poum defann Hip hop

Doub blan t nan menm lèw tap mete mi

M pran pòz razèm pou yon mwa depi lè

sa m wè tout sak t avèm tounen ènemi

Ènemi

Yo baw yon italien pou Jezi frèm se pou saw konfonn

M responsab sam di men jamè m pap responsab saw konprann

Hmm

Si gon nèg kap ret pou lavi

E mwen

Si gon atis ki merite glwa

E mwen

Bat bravo pou César

Bat bravo pou César

Tout moun renmen sa map di paske m pa dil tankou moun

Nou tout renmen jan map viv poutan m pap viv tankou youn

Hmmmm

Bat bravo pou César

Bat bravo pou César

Gad jan rap kreyòl lap inove

Ya remèsyem pou sa si yo vle

Karyèm tonbe lèm bay pilotel

Goul ret amè nan bouch mwen lèm bay sirotel

M chanje katye poum pat gangster tèlman le monde chaje cruauté

M tap pete yon lòbèy sim t GOK

Yo di m gen bèl dan m vin pè souri

Yo di m rapid m vin pè kouri

Nou nan menm panye m vin pè pouri

Siw menasem map tirew paskem pè mouri

Kounya map mennen menm pap janm blie nou tap barem tout lèm t avè n

Si rap kreyòl yon jou te gen mèt non w mèt kwè tout elèv te avèg

Gen trop pawol poum ta di

Menm pap konfyel bay lèzòm

Pat janm malere nan lavim

M sot anndan vant on trezò

Backy milionè achte yon album siw vle sa

Met demen n anlè epi bat bravo pou CÉSAR

Hmm

Si gon nèg kap ret pou lavi

E mwen

Si gon atis ki merite glwa

E mwen

Bat bravo pou César

Bat bravo pou César

Tout moun renmen sa map di paske m pa dil nan gou moun

Nou tout renmen jan map viv poutan m pap viv tankou youn

Hmmmm

Bat bravo pou César

Bat bravo pou César

Bat bravo pou César

Bat bravo pou César

Fin

Baky-এর César - লিরিক্স এবং কভার