menu-iconlogo
logo

DM

logo
লিরিক্স
Anndan dm se la tout moun ka temwaye

Wap jwenn pawòl, Se la tout sekrè devwale

Wap jwenn mesaj dj, footbolè kek grenn atis

AnnNan dm se kay blodè Se la tout taktik deplwaye

Wap Fè bandi deyò, men nan dm moun ou sansib

Wap jwenn 2,3 nèg yo bloke koz

Yo pa respekte prensip

Wap jwenn kèk fanm lòtbò kap mache bay blodè lespwa

Wap jwenn yon nèg kap tann yon grenn repons kel pap janm Resevwa

Anndan dm gon enkoni ki vin yon pwoch

Wap jwenn yon nèg ki gon mennaj pandan mennaj sa gen yon crush

Wap jwenn mesaj biznis, nèg kap chache pou fon ti bras

E nan dm gon fanm kap flirt ak plizyè nèg lèl santil raz

Wap jwenn nèg corny

Plen nèg nan dm ki funny

Wap jwenn yon nèg ak yon grenn Hi salut bb kap kanni

Avanl reponn texte ou, lal sou paj ou letidye'w

So Siw we'l lil li pa reponn, sa vle di chache mezi pye'w

Gen nèg ki fache nan DM mwen

Plen fanm kap file'm nan DM mwen

Plen Koze

Pawòl kap pale

Gen zen kap gaye

Relasyon kap kraze

Gen fanm marye anndan dm mwen

M jwenn gwo menas anndan dm mwen

Gen Koze

Pawòl kap pale

Gen zen kap gaye

Relasyon kap kraze

Baky-এর DM - লিরিক্স এবং কভার