menu-iconlogo
logo

Fe'm Konfyans

logo
লিরিক্স
Ou wè nan mond sa

Gen neg kap pre pou bay vi yo pou montrew kew gen le droit pou'w rever

Gen lot kap la pou blow, lot kap tou pre'w lèw bezwen,

E lèw tonbe kap baw le bras pouw lever

Lavi pat fèt seulman poul parfumer

Gen neg kap twonpew koz ak pawol li'w wèl ka geri morts

Gen lot kap ofri'w nway ki pa fumen

Saw ap fè an, se just fèl, men bat apresa pouw pa gen remords

Neg kounya pa wè valè nan fi eduke

Majorite nan yo pa kwè nan fidelite

Pou'w relasyon dure, ou mèt kwèm, yon fi dwe lite

Koz pou kite misye

Wap we pwop fre'l ap vide lide

Nan tèt ou

Yap fosew krazon rev de tres tot

Ou kwe nan amitie, men sak pi pwoch ou, lik pou trèt ou

Men'm kwe kanmem gon neg,

Kap prè poul sakrifye vie player kel tap mennen avan poutet ou

M vle sèlman menm yon fwa pou'w fèm konfyans nan viw

Pouw ka kwè nan mwen

Kounya, lanmou fè neg papiyon

Kotew tonbe an, ou just goute, epi'w epapiye'w

Lavi pa fe kado, met jenou'w ate,

siw wè'w tak yon moun, li kite'w et san ke'l pa piye'w

Mwen'm vle kanmem pouw kwè nan mwen

Kwe kèw se sèl fi ki sou kè an mwen

M konn moun ap mandew saw wè nan mwen

M fe sechresse lèm poukom, men lèw avèm, ou mèt foret nan mwen

Ba ou map souri, et jamè'm pap boude

Et tout saw dim, m pwomèt, jamem pap doute

Et map koute'w lew bezwen pale, m pap monte

Just pou pa rive yon jou'm wè ke son lot neg kap goute'w

Ou met kwèm,

Nan lavi'm, map baw tout tanm, tout planm, pou jouk tanm mouri,

Fow ret avèm, menm sis e l'or poum peye

E si mizè ta vin poul pranw,

M pwomèt ou map vin plante bonè nan kèw, menm si se love poum kreye

Babe ou mèt fèm konfyans

Ou mèt kwè nan mwen

Ke jamè mpap tronpe'w nan vi'm

Map ret pou ou

Ou mèt kwè nan mwen

Ke jamè mpap tronpe'w nan vi'm