menu-iconlogo
logo

Kote W Te Ye

logo
Тексты
Ki, ki, ki, ki kote w te ye dat sa?)

Wè-è-è!

Ki, ki, ki kote w te ye dat sa?)

Wè-è-è!

Te kwè lanmou te bliye mwen

Li kite m pou chen manje mwen

Relasyon pase kraze mwen

Men genlè mwen tonbe sou poy mwen

Gad on problèm, m ape pote flè

Chemiz boutonnen, si w konn se Monpè

Menm mwen menm, mwen pa ka kwè

Non, mwen paka kwè

Kite m toke kòn ak kè w

Pran m on fwa mennen m avè w

Si lanmou te malmennen w menm jan avè m

M konprann mizè w

M pral montre w kijan m bezwen w

Ou genyen mwen nan pla men ou

Si lanmou te mal mennen w, kite m pran swen w

Kite m renmen w

Ki kote w te ye? (dat sa)

Lavi m pa gen okenn sans san ou

Ki kote w te ye? (dat sa)

Men koumanman! Mwen preske fou

Ki kote w te ye? (dat sa)

Lavi m pa gen okenn sans san ou

Ki kote w te ye? (dat sa)

Men koumanman! mwen preske fou

Cheri, cheri, cheri poze w

Ou pa bezwen pè, mwen pa ka blow ou

Kwè nan lanmou sa, cheri, poze w

Non, mwen pa ta fou pou m pèdi ou

Ou, ou, ou t ap ri m anpil

Manman, manman, manman!

Ki kote w te ye?

Pou dat sa

Ki kote w te ye?

Kè m pa fè m mal ankò, ankò, ankò

Na-na-na, na-na-na

Mwen pa regrèt ansyen menaj mwen yo

Na-na-na, na-na-na

Kè m pa fè m mal ankò, ankò, ankò

Na-na-na, na-na-na

Ou fè m bliye ansyen pil moun mwen yo

Na-na-na, na-na-na (woy, woy, woy, woy, woy)

Ou fè mwen bliye (ti fanm 83)

Cheri, ou fè mwen bliye (ti baby Paris a)

Ou fè mwen bliye (moun ki sou wout frè m nan)

Ou fè mwen bliye, m bliye, m bliye nèt, nèt, nèt

Ou fè mwen bliye (ti fanm ki Kanada a)

Cheri, ou fè mwen bliye (ti baby, Leyogàn nan)

Ou fè mwen bliye (ti doudou Jakmèl la)

Yow! Cheri, m fè ayzaymè

Ki kote w te ye?

Pou dat sa

Ki kote w te ye?

Kè m pa fè m mal ankò, ankò, ankò

Na-na-na, na-na-na

Mwen pa regrèt ansyen menaj mwen yo

Na-na-na, na-na-na

Kè m pa fè m mal ankò, ankò, ankò

Na-na-na, na-na-na

Ou fè m bliye ansyen pil moun mwen yo

Na-na-na, na-na-na

Kote W Te Ye от Enposib - Тексты & Каверы