menu-iconlogo
logo

Denye wòn

logo
Тексты
Le temps a effacé

Le vent a emporté l'écho

Les vagues ont roulé les sanglots jusqu'au rebords de mon hublot

Sur le sable, je ne vois plus tes pas

Au loin, j'entends le coup de glas

Tout s'effrite, se meurt et s'en va

Comme les cauchemars d'un long trépas

Se dènye fwa kò m kontre kò w

Se dènye bo k pou ban m remò

Se dènye fwa m ap jwe ak kò w

Malgre m konnen ou p ap dakò

Se dènye paj nan liv istwa n

Apre sa n kraz'on kite sa

Dènye foto nan kamera n

Aprè sa n kraz'on kite sa

Se vre, m sonje lè w te konn la

Sant kò w toujou fè m radabla

Se vre, te tank'on fim sinema

Tout zantray mwen sou lagraba

Se verite (se verite)

Kè m ap rache (kè m ap rache)

Desten n oblije n separe

San bri san kont (san bri, san kont)

Nou deparye (nou deparye)

Se dènye fwa m ap rakonte w

Cheri, yon dènye mo

La-la-la-la-la-la

La-la-la-la

La-la-la-la-la-la

La-la-la-la

Chifon lavi efase mo

Lacho dekole sou panno

Koulè kraze, rèv mal douko

Menm grenn digo fin kolboso

Machann draje dous kokoye

K ap pase, mande m kote w ye

Yo sonje n pran siwèl a de

Kounyèya bout kòd la kase

Se vre m sonje lè w te konn la

Sant kò w toujou fè m radabla

Se vre, tank'on fim sinema

Tout zantray mwen sou lagraba

Se verite (se verite)

Kè m ap rache (kè m ap rache)

Desten n oblije n separe

San bri, san kont (san bri, san kont)

Nou deparye (nou depary)

Se dènye fwa m ap rakonte w

C'est ma dernière chanson (la-la-la-la-la-la)

(La-la-la-la)

C'est une dernière saison (la-la-la-la-la-la)

(La-la-la-la)

Le coeur de ma poésie (la-la-la-la-la-la)

(La-la-la-la)

Ma dernière mélodie (la-la-la-la-la-la)

(La-la-la-la)

Lanmou bliye damou

Renmen ap pèdi gou

Rèv nan kè m gen degou

Womans sa fin kagou (womans sa fin Kagou)

Lanmou pran pàn motè

Renmen gen gou anmè

Rèv pran chimen malè

Idil sa nan mizè

Se dènye fwa

P ap g'on lòt fwa

Se dènye fwa

Fò w pran l konsa

Se dènye fwa, al'on traka! E-e-h

Se dènye fwa kò m kontre kò w

Se dènye bo k pou banm remò

Se dènye fwa m ap jwe ak kò w

Malgre m konnen ou p ap dakò

Se dènye paj nan liv istwa n

Apre sa n kraz'on kite sa

Dènye foto nan kamera n

Aprè sa n kraz'on kite sa

Se verite (se verite)

Kè m ap rache (kè m ap rache)

Desten n oblije n separe

San bri, san kont (san bri, san kont)

Nou deparye (nou deparye)

Se dènye fwa m ap rakonte w

Cheri, yon dènye mo (la-la-la-la-la-la)

(La-la-la-la)

Cheri, yon dènye mo (la-la-la-la-la-la)

(La-la-la-la)

Cheri, yon dènye mo (la-la-la-la-la-la)

(La-la-la-la)

Cheri, yon dènye mo