menu-iconlogo
logo

Kè m Nan Men w

logo
Тексты
Oh yeahh

Jou wè li w konte

Ou pa konn sa l ap pote

Konsa vi a ye

Mwen kè m fè k brize

M pat kwè l men se sa l ye

Men la m vin pou m danse

Pou m danseeeeee

M pa moun ki pral ret ap plenyen

Pou sa k ap pase nan vi mwen

M pa danse kole ak chagren

Se yon bon vibe ke m ap chache

M vle bliye tou sa ki pase

Lè m danse santi m soulaje

M anvi danse ploge

M anvi danse ploge

Si w sou sa, m sou sa tou

M anvi danse kole

M anvi danse kole

Chak pa w fè m ap swiv ou

Konn jan w ap rive

Sonje mwen fèk blese

Ou wè la fòk ou bien jwe

Yon jès yon pawòl

Emosyon m ak kontwòl

Koneksyon m kò m ak kò l

M pa moun ki pral ret ap plenyen

Pou sa k ap pase nan vi mwen

M pa danse kole ak chagren

Se yon bon vibe ke m ap chache

M vle bliye tou sa ki pase

Lè m danse santi m soulaje

M anvi danse ploge

M anvi danse ploge

Si w sou sa, m sou sa tou

M anvi danse kole

M anvi danse kole

Chak pa w fè m ap swiv ou

Oh yeahhh

On the dance floor I'd move like no one is watching

Sober, tipsy or drunk it's funny to go crazy

Make me believe and I will show you how I can fly

An an anw

Jaykeys men nou

Ti kè m nan men w

Lavi m nan men w

Lavi mwen nan men w

Ti kè m nan men w

Ti kè mwen nan men w, babyyyy

Lavi m nan men w

Tout sa w vle mwen vle l tou

Oh oh oh

Pran m paske m vle pou ou

Tout sa w vle mwen vle l tou

Oh oh oh

Pran m paske m vle pou ou

Mwen di ti kè an mwen

Lanmou an mwen

Tout vi an mwen pou ou l ye

Ti kè an mwen

Lanmou an mwen

Tout vi an mwen pou ou l ye

Yeah yeah yeah

An an anw

Jaykeys men nou

Ti kè m nan men w

Ti kè mwen nan men w, baby

Lavi m nan men w

Lavi mwen nan men w fè sa w vle avèl

Ti kè m nan men w

Ti kè mwen, ti kè mwen, ti kè mwen

Kè m Nan Men w от Rutshelle Guillaume - Тексты & Каверы