menu-iconlogo
logo

M Pa La Ankò

logo
Тексты
Depi m renmen, m bay tout mwen menm

Yon jan pou pèsòn pa kite m

W antre nan vi mwen, ou twonpe m

Ou jwe ak pèsonalite m

Anpil fwa, mwen konn kriye

Dlo nan je mwen pa koule

Men sa pa janm anpeche

Kè m toujou ret kagoule

Di manmi, papi w pa bezwen rele mwen (m pa la, m pa la ankò)

Epi ou mèt sispann sone telefòn mwen (m pa la, m pa la ankò)

M pa pou ou ankò, ou pa bezwen veye mwen (m pa la, m pa la ankò)

Lè mwen te nan men w lan, ou pa t janm jere mwen (m pa la, m pa la ankò)

(M pa la, m pa la, m pa la ankò)

Pou sakrifis m te fè pou ou

Se pou w t aprann kisa k lanmou

Pou janm te met espwa m sou ou

Gade kijan jodi a

Ou fè moun imilye mwen

Ou jwe ak diyite mwen

Ou fè yo konn vi prive mwen

Anpil fwa, mwen konn kriye

Dlo nan je mwen pa koule

Men sa pa janm anpeche

Kè m toujou ret kagoule

Di manmi, papi w pa bezwen rele mwen (m pa la, m pa la ankò)

Epi ou mèt sispann sone telefòn mwen (m pa la, m pa la ankò)

Mwen pa pou ou ankò, ou pa bezwen veye mwen (m pa la, m pa la ankò)

Lè mwen te nan men w lan, ou pa t janm jere mwen (m pa la, m pa la ankò)

(Cheri, ou manke m)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (non, m pa la ankò)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (ye,mwen pa la, mwen pa la)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di "M pa la ankò, non, non, non, ye")

M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen pa la, mwen pa la)

Ou ban m tout chay pote (pote)

Kounya, s on lòt vi m ap trase (trase)

Ou fè m konn enpòtans kesyon m

Ou fè m konnen enpòtans rezon mwen

Ou pran m pou sa m pa ye (pa ye)

Fè m mache dèyè w tout kote

Men, baby, jodi a, m di w

"Mwen pa la ankò, ouh-ouh, ye")

M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen pa la ankò, non, non, non, ouh-ye)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di "M pa la ankò, non, non, non")

M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di "M pa la ankò, ou-ye-ye-ye")

M pa la, m pa la, m pa la ankò (ouh-ouh-ouh)

Cheri, ou manke m

M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di, "M pa la ankò, ou-ye-ye-ye")

M pa la, m pa la, m pa la ankò (mwen di "M pa la ankò, non, non, non")

M pa la, m pa la, m pa la ankò (m pa la, m pa la ankò)

M pa la, m pa la, m pa la ankò (m pa la, m pa la) m pa la, m pa la ankò